Frantz St Armand enstale ayè mèkredi 15 me a kòm nouvo direktè polis la nan depatman grandans

แชร์
ฝัง
  • เผยแพร่เมื่อ 15 พ.ค. 2024
  • Komisè divizyonè Frantz St Armand enstale ayè mèkredi 15 me a kòm nouvo direktè polis la nan depatman grandans. Frantz St Armand ranplase nan pòs sa Louis Edner Yacinthe sendika nan la polis la te denonse pou move konpòtman li te genyen, li tap sal imaj enstitisyon lapolis la nan Grandans peyi a.
    Sendika yo nan lapolis la pa pran tan pou reyaji aprè enstalasyon nouvo direktè a nan tèt polis la nan depatman grandans lan.
    Se ka sendika nasyonal polisye ayisyen yo (SYNAPOHA) ki di l salye epi pran ak de enstalasyon komisè St Armand. Sendika ki dil konsyan misyon an pap piti pou nouvo direktè swete li travay kòm sa dwa pou bay polis la yon lòt imaj nan depatman epi ankouraje polisye yo fè travay yo nan respè la lwa.
    SYNAPOHA ki prezante nouvo direktè a kòm yon moun ki gen anpil eksperyans nan enstitisyon lapolis la dil swete li tande revandikasyon polisye yo nan lide pou rezoud kèk nan pwoblèm polis la ap fè fas nan depatman grandans lan.
  • บันเทิง

ความคิดเห็น •