4 bagay ou dwe konnen sou Avòtman

แชร์
ฝัง
  • เผยแพร่เมื่อ 5 ก.ย. 2024
  • Video sa ap prezante 4 bagay ou dwe konnen sou Avòtman, paske mesye ak medam yo konn neglije konsekans yo. Se lè tout bagay fini yo realize danje ki genyen nan pwovoke avòtman.
    Espas Fanmi An ap ankouraje tout zanmi ak abòne li yo, pou yo swiv tout seri a, pou yon ka viv pi byen youn ak lòt, swivan plan BonDye pou fanmi yo.
    Pa neglije abòne ak chanèl la, epi envite plizyè lòt moun fè sa tou. Pou EspasFanmiAn rive touche anpil moun ak ansèyman li yo. Pou abòne a, Klike sou lyen sa pou rive fè sa. / @espasfanmian

ความคิดเห็น • 124

  • @etiennecaristil8735
    @etiennecaristil8735 2 ปีที่แล้ว +4

    Frere ske li se Yon krim tou leu se nan kad terapeutique yo fè avotman ske zyeu bondyeu pot ko sou fetus SA a tou?

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  2 ปีที่แล้ว +1

      Frè Caristil. Asepte mwen abòde 2 "termes théologiques" pou m reponn kesyon sa.
      Premye a se "la Prescience de Dieu" li vle di " Connaissance particulière que Dieu a des choses qui ne sont pas encore arrivées. Ou la Connaissance que Dieu a, de toute éternité, de tout l'avenir." Definisyon sa yo pèmèt mwen konprann BonDye te gentan konnen fanm sa pral ansent, timoun li pral pote a pap nòmal. Si timoun sa rive fòme nèt ale nan vant fanm sa, lap fèt tou mouri, epi lap pote fanm lan ale tou. Kounye a ou ka ap poze tèt ou plizyè kesyon : « Men pouki sa BonDye pat anpeche sa ? Li gen pouvwa, Li te ka evite fanm la sitiyasyon sa » Kesyonman sa yo entwodwi dezyèm « Terme théologique » la.
      « La Souveraineté de Dieu » ki vle di « Le pouvoir souverain de Dieu sur toute sa création et sur chacune de ses créatures. » Si n tap di l yon lòt fason nou tap di « BonDye granmoun Li fè sa Li vle »
      Kounye a ann reflechi, ou gentan gen manman an déjà. Si w kite timoun sa ki fèt ak tout pwoblem li andan vant manman an, wap pèdi manman an. Epi kout ke kout wap pèdi pitit la. Eske li pa tap vin yon krim si w ta kite manman an mouri, sou preteks ou pap retire timoun lan, ki ap mouri kanmenm. Wi zye BonDye te sou ti bout san an, men nan “Souveraineté » Li, Li pat gen plan lavi pou timoun sa. Pouki sa Li pat gen plan lavi pou timoun sa ? Frè Garry pa konnen, sèl BonDye ki gen repons sa.

    • @etiennecaristil8735
      @etiennecaristil8735 2 ปีที่แล้ว

      @@EspasFanmiAn Pasteur anpil nan SA mw wèw di yo la a, mw wè se choz kache yo ye, a mwen me se ta Yon repons revele paské les choses revelées sont a nous!

    • @user-rq7qw2jy8x
      @user-rq7qw2jy8x ปีที่แล้ว

      Bontravy

  • @posychahadajennely1988
    @posychahadajennely1988 11 หลายเดือนก่อน +1

    Se bagay Mt tj di mpp jnm retire ti moun paske mpa knen si c pt sel ti moun sa bndje tp bnm ❤❤❤

  • @Ketelenesidonice
    @Ketelenesidonice หลายเดือนก่อน

    Bondye ap padone'm wi

  • @yolandealcantaragarcia4296
    @yolandealcantaragarcia4296 2 ปีที่แล้ว +3

    5è konsekans: lè li fè sa an kachèt pou moun pa konnen ,li pa pran swen tèt li ,sa abouri ak yon enfeksyon grav,moun nan nan konn arive pèdi lavi li " BD beni nou fanmi François "

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  2 ปีที่แล้ว

      Bonswa sè Gracia. Nou pat neglije koze pèdi lavi a, li nan konsekans fisik la. Nou te di fanm yo konn pèdi lavi yo tou aprè yon avòtman. Sutou si se yon adolesan, oubyen yon jèn fi, gen anpil chans pou l fèl an kachèt pou mon pa konnen zafè l.

  • @Jeanyousemika
    @Jeanyousemika 8 หลายเดือนก่อน +1

    Hmmm mwen tap vrèman regrèt vre wi sim te jete pitit gasonm sa malgre nou potko ap travay nou te kenbel men knnya bondye beni nou sa bebe bezwen lap jwenn li .mwen tèlman damou pitit mwen anfen
    Mwen pa ankouraje yon moun fè avòtman ou mèt te pranl pou yon chyen .

  • @annuelbazelais3654
    @annuelbazelais3654 2 ปีที่แล้ว +1

    Mèsi anpil past Garry pou fòmasyon sa nan kèk minit ki lye ak avòtman.
    Bon travay pastè.

  • @maxenatroseguerldie2332
    @maxenatroseguerldie2332 ปีที่แล้ว +5

    Pa fwa se pa Moun nan non se sitiyasyon depil mande bondye padon lap padonel Bondye prè poul pa done tout pitit li

  • @jeandorvile6867
    @jeandorvile6867 ปีที่แล้ว +1

    Correct pasteur.

  • @renovationelectrique164
    @renovationelectrique164 2 ปีที่แล้ว +1

    Kenbe la

  • @rosetharatv3853
    @rosetharatv3853 2 หลายเดือนก่อน

    Hmmmm jezi

  • @user-hu9sk1rg8j
    @user-hu9sk1rg8j 3 หลายเดือนก่อน

    Mèsi mon Frè 🙏🙏🙏🙏

  • @nathaalia-sd9fs
    @nathaalia-sd9fs 21 วันที่ผ่านมา

    Mw pa knnn sise mnm bb a ki la men si se yon lot senye padonem se koz pp l 😭

  • @srcarlinepaul6820
    @srcarlinepaul6820 2 ปีที่แล้ว

    Mèsi pastè Garry BonDye beni w ak Madam ou

  • @promisealvena7878
    @promisealvena7878 ปีที่แล้ว +3

    Mwen pedi pitit Mwen sou de mwa malgre m gen de petit déjà m Poko ka bliye timoun la men se pá Mwen ki retirer m pa konn anyen nan retire timoun se bese leve m Fe Nan travay mwen m gen yon doule do m vin AP bay San tou piti epi dokte FEM tout egzamen yo obligé netwayem m te gen tan panse se Yon tifi li te ka ye

    • @Gueslyn
      @Gueslyn 10 หลายเดือนก่อน

      Baz cherie banm diw eskew vini fé pitit demen paske rpn mwen svp

  • @bernacoriolan6096
    @bernacoriolan6096 2 ปีที่แล้ว

    BonDye beniw past Garry François ak madanm ou

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  2 ปีที่แล้ว

      Mèsi sè Coriolan. BonDye beni w tou.

  • @rositasantana2206
    @rositasantana2206 ปีที่แล้ว +3

    Mw ansent mw pagen ké jetel men mw paka okipel nepot moun ki bezwen yon pitit ecrim nap tou rete an kontank 😭😭😭

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  ปีที่แล้ว +1

      Bonjour Rosita. Nou vrèman dezole paske ou trouve w nan sitiyasyon sa. EspasFanmiAn pa pou avòtman tou, se sak fè nou swete ou jwenn mwayen pou okipe timoun nan. Men eske papa l dakò pou bay timoun lan?
      Nou estime sujè sa sansib anpil, nou pa ta renmen li diskite nan espas kòmantè a. Si ou dakò reponn nou fè l nan email sa. espasfanmian@gmail.com .Menm Jan an tou si yon Moun enterese ak ofre la ekri nou nan menm email la, epi nap fè swivi ak Rosita.

    • @rositasantana2206
      @rositasantana2206 ปีที่แล้ว

      @@EspasFanmiAn mw vreman enterese men mw paka antre nan @, la lipa bezwen pitit depi le mw ansent la litou bay vag

    • @rositasantana2206
      @rositasantana2206 ปีที่แล้ว

      @@EspasFanmiAn nepot enfomasyon chachem nan non sa sou Facebook ecrim sou mesenge

    • @rositasantana2206
      @rositasantana2206 ปีที่แล้ว

      @@EspasFanmiAn nepot enfomasyon chachem nan non sa sou Facebook ecrim sou mesenge

    • @desrosierswilna9252
      @desrosierswilna9252 ปีที่แล้ว

      Slt

  • @WillianaJoseph-u3y
    @WillianaJoseph-u3y 28 วันที่ผ่านมา

    Doc mw fé yon avoteman reg mw vini lonbrit mw toujou réd mal lopital mw fé sonographi docteur pa wé Anyen non

  • @user-dd4nt7kd9m
    @user-dd4nt7kd9m ปีที่แล้ว

    Merci pasteur ❤❤❤❤

  • @richardstephaniemichel6883
    @richardstephaniemichel6883 2 ปีที่แล้ว

    Mesi anpil pou konsey yo

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  2 ปีที่แล้ว

      Se yon plezi pou n pataje yo avèk ou.

  • @LovelyJean-qn5fc
    @LovelyJean-qn5fc 2 หลายเดือนก่อน

    Bonjour docteur su kenbyen tan Yon Moun ki fe kitage ka ansete ankr bonsoir

  • @martinebenoit4034
    @martinebenoit4034 ปีที่แล้ว +4

    Sou knbyn mwa Yon fanm ki fè avtmn ka wè règ li

  • @maxojeanlouis-vw8zr
    @maxojeanlouis-vw8zr ปีที่แล้ว

    Merci beaucoup mon frère

  • @micovelielormus746
    @micovelielormus746 11 หลายเดือนก่อน +1

    Mw ansent la mw w map bay san yon gwo boul san sorti tonbe epi lhm ale lopital docteur a dim map perdu timoun lan c res la ki rete anndan m gwo douleur, mw vremn an tris paske m t vle f pitit mwen ,mw t getan ap pare pou pitit mw wi 😢😢

  • @nathaalia-sd9fs
    @nathaalia-sd9fs 2 หลายเดือนก่อน

    Bnsr doc svp ske si yon fi retire yon ti moun 6semene sak la pa tonbe ske ti moun sa tonbe svp

  • @similiensheshis5351
    @similiensheshis5351 ปีที่แล้ว +4

    mw te retire 2,apresa mw vin ap subi maladi kis nan ovè tronp bouche m gn 2ans ap soufri. jounen jodia m vin regret

  • @IzoMarcellus-tw2lv
    @IzoMarcellus-tw2lv 3 หลายเดือนก่อน

  • @rachellethelot7248
    @rachellethelot7248 2 ปีที่แล้ว

    Merci pour le partage

  • @charlesjameson3832
    @charlesjameson3832 ปีที่แล้ว +1

    Salut Docteur

  • @widlysaintyl9656
    @widlysaintyl9656 2 ปีที่แล้ว

    Mèsi pastèm bon Dye beniw ak tout madanm ou

  • @jouselinesaintgeorges8341
    @jouselinesaintgeorges8341 ปีที่แล้ว

    Merci je ok

  • @user-no5vh9kt6w
    @user-no5vh9kt6w 8 หลายเดือนก่อน +1

    Si yon te ansent li retire timoun nan apre 3jou san kanpe li fé tés li wél monte 2ba men youn féb nan fòse li wél apre 15lél refél ankó li monte yon ba men moun nan pa wé rég li éske li toujou ansent svp

    • @lineda7786
      @lineda7786 7 หลายเดือนก่อน

      Yon sonographie pouw fe kkte

    • @ClauritaMarcelin
      @ClauritaMarcelin 3 หลายเดือนก่อน

      Depi li monte yon ba konnen ou pa ansent

  • @faniacalixte1397
    @faniacalixte1397 11 หลายเดือนก่อน

    Bonswa Drt mw fè avòtman mw Gen yon bébé mw tap bay téte Men mw toujou ap bay bébé tête

  • @posychahadajennely1988
    @posychahadajennely1988 11 หลายเดือนก่อน

    Mw t pedi premye pitit mw li t Mouri andn vnt mw sou 8 mwa😢😢😢 juskprezn mtj ap PNC avel paske jounn Jodi a li tp gn 6an 😢😢li grndi nn lesprim alevwa yn moun ki retire yn ti moun li tp tj PNC ak ti moun sa

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  11 หลายเดือนก่อน

      Mèsi paske w pataje temwayaj sa ak nou, ki vinn ranfòse tout sa ki te di yo.

  • @d.p.d.prodiksyonprezantefo1512
    @d.p.d.prodiksyonprezantefo1512 ปีที่แล้ว

    Fel back

  • @sandinaarne2762
    @sandinaarne2762 2 ปีที่แล้ว

    Merci pour la vidéo chr monsieur🤗

  • @dagrinfabiola2768
    @dagrinfabiola2768 ปีที่แล้ว +2

    Mw f yun deja kijn pum prn swn tet mw svp pask li bnm infeksyn

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  ปีที่แล้ว

      Li enpòtan pou wè yon medsen pou evite sa vin pi grav.

    • @user-qg4ob7un4k
      @user-qg4ob7un4k 2 หลายเดือนก่อน

      Remèd ou te bwè

  • @DuvalSophia-ck8du
    @DuvalSophia-ck8du หลายเดือนก่อน

    Mw retire youn sou 3 semèn Mw pa g okenn prblm, paske mw g youn deja m pòt kò près pou yon lot, Menm tou mèt yon planin chr, epi koze gezi mw pa konnenl

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  หลายเดือนก่อน

      Yon verite ka absoli ou byen inivèsèl : pa egzanp "La terre est ronde mais elle est aplatie aux deux pôles" La science prouve l, nou etidye l, tout moun sou latè asepte l.
      Konsa tou gen verite objektiv, verite sa yo lye ak yon moun, yon sistem, yon peyi...li pa konsène tout moun: pa egzanp peyi Californie gen repitasyon pou l konnen anpil tranblement de terre. Kote l plase sou glòb terès la, li genyen anpil faille anba l, tè a toujou ap tranble. Verite sa se pou yon seri de moun li ye, moun kalifòni. Li pa absoli.
      Ou di koze Jezi a ou pa konnen l, men mwen remake ou pa di ou pa konnen egzistans Jezi. Nan sans sa mwen dakò avè w, paske kijan nou tap fè explike tè a nan yon distans ki pa janm chanje ak solèy la. Si yon you tè a te ale yon ti kras pi lwen solèy la, nou tap griye sou tè a, konsa tou si tè a te avanse yon ti kras pi prè solèy la, nou tap boule. Sa se bon prèv Bon Dye egziste.
      Mwen konprann ou kwè nan egzistans li, men ou pa dakò ak pawòl li di sou avòtman.
      Kounye a eske pa konnen opinyon Jezi sou koze avòtman an, anpeche pawòl sa inivèsèl? Mwen di Bon Dye mèsi paske l te presève lavi w nan sikonstans sa, ou beni, Bon Dye renmen w. Men eske rejte opinyon Jezi sou avòtman an fè de pawòl sa yon manti? Eske paske w pa konnen koze Jezi map pale a, fè pawòl sa tounen yon verite objektiv? An nou reflechi sou sa?

    • @DhaitiGeorjine-im7eu
      @DhaitiGeorjine-im7eu 13 วันที่ผ่านมา

      mW vle pale avèw Wii chr

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  13 วันที่ผ่านมา

      ou ka kontakte nou nan adres email sa : espasfanmian@gmail.com

  • @figeniadevalsaint6619
    @figeniadevalsaint6619 ปีที่แล้ว

    Amen

  • @nadoujean9993
    @nadoujean9993 ปีที่แล้ว

    Hmmm tt chaje

  • @martinefaustin1564
    @martinefaustin1564 ปีที่แล้ว +1

    Mw fè youn li vin bnm fyev epi anba vnt mw ap fem mal yn knsèy stp

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  ปีที่แล้ว

      Mwen ta konseye w, wè ak yon Gynekolog prese prese.

  • @christieamiscar9652
    @christieamiscar9652 ปีที่แล้ว +1

    Mwen toujou santim koupab paske esprim pa janm repoze koz Mwen te fè Yon avortement,nan aj frivole Mwen Moun Mwen te rankontre an te fò pasem li pot ale😓😓😓😓😭😭😭😭😭😭😭

  • @rodlordesir4815
    @rodlordesir4815 ปีที่แล้ว

    frem mpa kon nen si u ka edem gen yon ti boul leve nan fonm kijan uka edem oplis kijan de maladi sa rele tou

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  ปีที่แล้ว

      Nap konseye w ale konsulte yon medsen, lè w rankontre avè w lap pi fasil pou l ede w ak maladi sa.

  • @tamaedouigejouicin9521
    @tamaedouigejouicin9521 2 ปีที่แล้ว

    Merci je suis Jolivard Nahomie

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  2 ปีที่แล้ว

      Bonjour Jolivard Nahomie. Nous sommes bien content de vous compter au nombre des personnes qui nous suivent sur cette chaine TH-cam. Soyez assurés que vous trouverez des enseignements sur la famille, qui sauront vous aidez dans votre relation amoureuse, ou dans votre future relation amoureuse, dependamment bien sûr de votre statut matrimonial. Nous vous invitons à regarder toutes les vidéos déjà postées sur la chaine EspasFanmiAn, de facon à ne rien rater sur tout ce qui a été déjà enseigné au bénéfice de nos amis.
      Nous espérons vous revoir bientot, et n'oubliez surtout pas à vous abonner pour recevoir en un court temps, les prochaines vidéos qui seront postées sur la chaine.
      N'oubliez surtout pas de continuer à commenter, LIKE et SHARE / PARTAGER les vidéos avec tous (tes) vos amis (ies).
      Bienvenu sur la chaine EspasFanmiAn.

    • @fouquetevens1785
      @fouquetevens1785 2 ปีที่แล้ว

      si yon moun fel plizyè fwa eske li pa pbm

  • @jamesonjeanfelix2037
    @jamesonjeanfelix2037 2 ปีที่แล้ว

    Bravo bishop. Bon travay

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  2 ปีที่แล้ว

      Je t'en prie cher pasteur.

  • @voltaire5250
    @voltaire5250 3 หลายเดือนก่อน

    M bezwen yon bb la se tout chaj mw

  • @modrickdelhomme7513
    @modrickdelhomme7513 2 ปีที่แล้ว +1

    Èskel normal apre yon fos couche li normanl pou fia gen doulè e andanl cho

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  2 ปีที่แล้ว

      Yon avi medikal konseye nan ka sa, pwiske nou pa medsen, nou ta konseye tout moun ki ta nan yon sityasyon konsa, pou yo ale wè prese prese yon medsen pou pran ka yo, pou evite tout konplikasyon
      Men sa pa anpeche nou di, depi doulè a pèsiste sou plizyè jou, oubyen plizyè semen , se KA yon prèv tout tisu ki te andan matris la pa fin soti nan fos kouche la. Konsa tou li ka pa sa, men sa nesesite entèvansyon yon medsen pou panche rapid vit sou ka sa.

  • @desirsenatmariegenise2339
    @desirsenatmariegenise2339 ปีที่แล้ว

    Mesi pou bel pawol sa yo

  • @user-dd4nt7kd9m
    @user-dd4nt7kd9m ปีที่แล้ว

    esi mun nan fè mavèz kuche kisa li ka fè

  • @user-nn4tw9cq3f
    @user-nn4tw9cq3f ปีที่แล้ว +1

    H nn😢😢

  • @dieftonjeremie-js3uv
    @dieftonjeremie-js3uv ปีที่แล้ว

    Bonjour mesye kijan'w ye? Mw gen mennaj mw ki fè avòtman li gon san kap koule sou li kisa poul fè pour san anh kanpe s'il vous plaît

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  ปีที่แล้ว

      Mennen l wè yon jinekolog, li mye plase pou l ede w. Pa pran tan ak sa, depi san ap koule, lavi an danje.

  • @alexandraedmond7838
    @alexandraedmond7838 ปีที่แล้ว

    Mesi pou video a eske li normal yon fi fe avoteman san koule men li toujou santi sentom gwosés la

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  ปีที่แล้ว

      Kesyon sa sanble ak aspè psykolojik avòtman an. Men mwen ta renmen konnen eske se yon avòtman pwovoke, oubyen fi a jus konstate san ap koule.
      Lè fi a ansent san koule pa toujou vle di avòtman. Gen sa yo rele nidation, se lè foetus la ap byen chita nan matris la. Sa konn bay san lè nidation an ap fèt. Se pou m di w fi a ka wè san, men sa pa deranje gwosès la. Lè sa fi a oblije kouche, pran repo nan moman an. Epi wè medsen l.
      Men si se yon avotman pwovoke, sa fè pati de konsekans psykolojik yo.

    • @Baby-n8s8m
      @Baby-n8s8m ปีที่แล้ว

      Bonjou eske ou ka fèm jwenn Yon dokte poum' retire Yon timoun 1 mois

  • @smithneykeyshara8379
    @smithneykeyshara8379 ปีที่แล้ว +2

    Si tout fwa yon moun f avotman sang f plusieurs jours ap vini sou li epi lel fe test li we ti moun la pa tonbe eske ti moun sa ka fet ak domajman ?

    • @estimesabin2114
      @estimesabin2114 ปีที่แล้ว

      Bondye beniw, depi se youn timoun ki nan volonte Bondye pou fet li pap genyen anyen ,pran vitamina prenatal pou jis ou retirel nan tete

  • @faniacalixte1397
    @faniacalixte1397 11 หลายเดือนก่อน

    Eske li pap bay bébé ya problèm

    • @posychahadajennely1988
      @posychahadajennely1988 11 หลายเดือนก่อน

      Wi lp bal pwoblm otomatikmn ou t ansnt ou t dwe tou retire ti moun sa nn tete

  • @sandraentieene5003
    @sandraentieene5003 ปีที่แล้ว

    Mr bonsoir ki kòz ki ka fè chak lè yon moun ansent ap perdi pitit premature 4 mois 5 mois??

    • @minoucheguillauto5128
      @minoucheguillauto5128 8 หลายเดือนก่อน

      ESke timoun yo fèt tou mouri kkt ou bien après ou fini akouche mwen sote perdu yon ti gason après li fini fèt à 5 mwa et demi grossesse li mouri nan menm après li fini fèt 06 août 2023 mwen gen yon problème yo détecter après mwen fini akouche mwen gen yon bagay ki rele béance du col sa vle di kòl matris mwen mou lèm ansent ankr yap fè yon bagay ki Cerclage poumwen pou kapab kenbe timoun nan paske kòl matris mwen ap ouvri pou kont li depi timoun nan komanse pran pwa nan vant mwen.
      Men avan sa mwen te fè yon fausse couche 11 janvier 2023 yo te fè yon curetage poumwen paske tout bagay pat vle soti pou kont yo epi règ mwen vini 23 février 2023 mwen tou ansent ankr yo dim genlè se curetage la ki kòl matris mwen vini mou lap ouvri pou kont li lè timoun lan komanse pran pwa lè kòl matris mwen te ouvè mwen te à 21 sem+1jour ansent
      Se pouw fè examen pouw konen kisa ki fèw sa ou gen dwa se menm problème avèm ou genyen kkt bon courage

    • @queensamy7173
      @queensamy7173 3 หลายเดือนก่อน

      S.A. rive m sou 5 mwa

  • @teamswaga123
    @teamswaga123 ปีที่แล้ว

    Kisa pou fèl pou trete san sa kap vide sou fi a

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  ปีที่แล้ว

      Bonswa. Nan yon sitiyasyon konsa, meyè konsèy la se ale lopital.

  • @guiladona9240
    @guiladona9240 ปีที่แล้ว

    Si fanm lan fe emoraji kijan li ka trete sa

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  ปีที่แล้ว

      Al wè medsen, se premye aksyon pou l poze. Medsen an a regle sa.

  • @edeloniearchange6632
    @edeloniearchange6632 ปีที่แล้ว

    Bnjr past Garry mwen nouvo sou chanel la
    Silvouplè ki konsèy ou ka pote pou yon fanm ki fè yon avòtman li vin ap panse ak ti moun sa epi li vle fou telman lp reflechi li santil koupab tout sa?

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  ปีที่แล้ว +1

      Bonswa Edelonie. Byenvini nan EspasFanmiAn. Sa fè nou plezi anpil pou nou akeyiw nan chanèl la. Nou swete ak tout fòs nou, ou benefisye de tout ansèyman sa yo, nou swete yo ede w nan preske tout aspè lavi w.
      Nou remèsye w pou kesyon w lan. Men sa nou panse:
      Se yon konsekans nòmal li ye, lè yon fanm santi l koupab aprè yon avòtman, kote se fanm nan menm ki deside retire timoun nan. Li ka pran desisyon sa pou plizyè rezon, men sa pa souvan pase nan tèt fanm lan, li ka rive yon kote, li santi l koupab apre aksyon sa.
      Li enpòtan pou tout moun konnen Kulpabilite pa geri, se yon konpòtman ki ap detwi moun nan san li pa realize sa. Si l pa deside pou l gere l, li ka menm rive anpeche l evolye nòmalman.
      Men kèk konsèy pou korije santiman sa
      1. Pran desisyon pou padone ou menm menm pou erè sa ou te fè a.
      2. Pran desizyon pou libere w de kulpabilite sa.
      3. Pran desizyon pou pa janm fè bagay konsa ankò.
      4. Sonje ou se moun, pa gen moun ki pa fè erè nan lavi a.
      5. Pa konsantre w sou erè sa ankò, pran desizyon pou avanse.
      6. Evite si posib tout sityasyon kap fè w sonje sak te pase a.
      7. Sonje lap detwi w, si w pa detwi l
      8. Priye sou sa pou mande BoDye padon, epi sonje depi w priye ak senserite, BonDye deja padone w.
      9. Priye tou pou mande BonDye pou l ba ou detèminasyon, pou pa refè erè sa ankò.
      10. Aprann de sa ki te pase a, tire yon leson valab pou avni w.

    • @edeloniearchange6632
      @edeloniearchange6632 ปีที่แล้ว +1

      Merci bcp past mwen vreman satisfè de konsèy io
      ke Bondye baw konesans nan travay wap fè an chak jou plus

  • @salunalambert2831
    @salunalambert2831 2 ปีที่แล้ว +1

    ❤❤❤❤👏👏

  • @chedelinephilistin4244
    @chedelinephilistin4244 ปีที่แล้ว

    😭😭😭

  • @Ange-jouvensMenard-kv9jq
    @Ange-jouvensMenard-kv9jq 11 หลายเดือนก่อน

    Dok mw apnn abone ui mw bzwn kek enfomsyon nan mnw

  • @louisjesula2210
    @louisjesula2210 2 ปีที่แล้ว

    Mwen bezwen yn konsey

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  2 ปีที่แล้ว

      Bonswa. Si w ka poze kesyon an sou chanèl la ou mèt poze l. Sinon ekri nou nan espasfanmian@gmail.com

  • @user-ex9zb6uf7r
    @user-ex9zb6uf7r ปีที่แล้ว

    Eske si moun nn te fin fèsa kounyea chak li ansent li paka kenbel pa gen anyen li ka fè slvp

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  ปีที่แล้ว

      Si ka sa rive, pi bon reaksyon se ale wè yon medsen, li mye plase pou travay sou pwoblem sa.

  • @danypierrelouis7534
    @danypierrelouis7534 ปีที่แล้ว

    Pasteur e si se ti moun nan ki tombé pou kont li

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  ปีที่แล้ว

      Bonswa Dany. Ka ou touche a se sa yo rele avòtman naturèl. Lè sa timoun lan tonbe poukont li. Li gen konsekans ka fanm lan tou, men konsekans sa yo diferan de avòtman pwovoke a. Si fanm lan potko gen timoun, epi timoun lan tonbe, wap konprann sa ap kreye anpil chagren lakay li, sa se youn nan konsekans avòtman naturel la.
      Men konsekans nap pale la se nan ka avòtman pwovoke a, konsekans sa yo pi grav. Men sa pa anpeche fanm lan toujou sonje timoun sa, menm si li tonbe. Konteks sa diferan, se nan ka avotman pwovoke nap pale la.

  • @SaikaDasema
    @SaikaDasema ปีที่แล้ว

    Salut, svp mw bzwnw en privé.

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  ปีที่แล้ว +1

      Salut. Ekri nou pa email nan espasfanmian@gmail.com

    • @SaikaDasema
      @SaikaDasema ปีที่แล้ว

      @@EspasFanmiAn mw pajwnn u nn

  • @martinefaustin1564
    @martinefaustin1564 ปีที่แล้ว

    Mbezwnw prive stp

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  ปีที่แล้ว +1

      Bonswa Martine. Si w swete pale ak nou an prive, ou ka ekri nou nan email chanèl la, ki se espasfanmian@gmail.com.

    • @MilerMarco
      @MilerMarco หลายเดือนก่อน

      ​@@EspasFanmiAnbonswa Pasteur svp kijanw ka edem mw te ansent 4semaine mw te tonbe sou sentim,epi mwen te vin ap yon seri de boul san menm pat al lopital e kounia m santi yon bagy nan gòj mwen kikole li nuim anpil

  • @gladyslaguerre52
    @gladyslaguerre52 ปีที่แล้ว

    Mw gen 27 ans mari mw gen 57 ans map viv usa mw gentan gen 2 pitit pou marim mari mw potko gen pitit lè mw te avèk li 2 pam yo sèlman mw ansent santi mari mw tro maledve mw pa vle kenbe timoun l'an chak mw pran remèd pou mw bwè kèm pa pèmèt mw mari mw pa respectem mw santi mw ta mete fen nan lavim 😭😭😭

    • @EspasFanmiAn
      @EspasFanmiAn  ปีที่แล้ว

      Bonswa Madame Laguerre. Nou ta byen swete ou anfòm, men pwoblèm sa ou explike a la, pa ban nou enpresyon ou byen. Men malgre tout bagay nou espere ou rejwenn lajwa nan lavi w.
      Nou konprann sitiyasyon ou prezante la, nou vreman regrèt wap travèse yon sityasyon konsa.
      Mete fen ak lavi w, eske se meyè solisyon ak pwoblem lan? 2 timoun ou yo, kiyès ka fè ledikasyon yo pou ou? Kiyes kap pran swen yo lè pa la. Kote lanmou ou genyen pou timoun yo? Eske yo merite viv yon sityasyon parèy?
      Menm si w ta gen yon paran ki pwomèt ou pou pran swen yo pou ou lè w pa la, men depi manman ak papa pa la, timoun yo peye sa chè anpil. Poutèt timoun yo selman, solisyon pou mete fen ak lavi w la parèt se pa meyè solisyon an. Epi eske ou konnen pri yon nanm, nanm pa w ak nanm bebe a ki nan vant ou a te koute BonDye chè. Ki explikasyon wap genyen pou BonDye, lè l konnen ou fè gwo krim sa, ou retire lavi yon timoun, oybyen ou retire lavi 2 moun, lavi pa w ak bebe a. Chay la tap lou sou do w wi.
      Mwen konseye w pito avan tout bagay retire nan tèt ou lide pou retire lavi timoun lan, oubyen lavi nou tou lè 2. Se premye desizyon pou pran. Dezyèman li ta bon pou cheche konnen pouki sa mari w gen konpòtman sa avè w, eske se nan tanperaman l sa ye? Oubyen li vinn konsa, men lontan li pat gen konpòtman sa. Si w rive dekouri rezon an, li ta bon pou travay sou sa, pou diminye nan nivo pa w, jan de reaksyon sa yo kay mari w.
      Mwen konseye w si posib pou ta chechè èd yon konseye konjujal, sa ta ede w anpil ak mari w. Epi pa neglije priye sou sa, mande BonDye pou l ede w nan pwoblèm sa, mwen sèten lap gide w pou bagay yo chanje.