Gro Nouvèl jodia | Yo arete Guy Philip? ULCC | Masak Ponsonde | Yon avyon tonbe

แชร์
ฝัง
  • เผยแพร่เมื่อ 3 ต.ค. 2024
  • Nan yon entevyou ak lapres ansyen minis travo piblik la Joaseus Nader. Fe konnen Guy Philippe gen manda dèyèl pou metel anba kòd, daprè ansyen minis travo piblik la, 17 oktob kap vini an pwal gen gro mobilizasyon pou pep la kapab libere peyi a.
    Komisè gouvènman senmak la Mèt Venson Francois nan ti pale ak lapres aprè gwo atak gang Gran Grif yo fè ye maten sou Ponsonde, Komisè Venson fè konnen pou Lapolis deja motive e pran dispozisyon yo sou sitiyasyon an, Komisè a tout mande ak wo eta majò pnh la pou voye materyèl pou ede popilasyon an.
    Bab ansyen militan Pitit Desalin nan pat met dlo nan bouch li poul salanbe ansyen senate Moise Jean Charles apre rapò ULCC a ki akize reprezantan Pitit Desalin nan. Emmanuel Vertilaire ki nan koripsyon na zafe 100 Milyon goud BNC a. Militan Bab fe konnen lontan li te kapab fe nenpòt moun mal pou lidè pitit desalin lan tèlman li te kwè Moise Jean charle ki te blan tankou kou nèj, epi li vin reyalize li te nan erè.
    Nan vil Aux Cayes, gen yon ti avyon selon moun nan zon nan ki te sot chache zangi nan ayopò Antoine Simon nan okay, tonbe nan 5èm seksyon mesi okay. Selon moun nan zon nan la fe konnen genyen 2 Moun ki mouri. Anpil moun te profite eksprime mekontantman yo sou ensekirite a kap ravaje peyi e mande leta mou debloke peyi a pou tout moun ka sikile lib e libe.
    Akademi kreyòl Ayisyen (AKA) lanse mwa lang ak kilti kreyòl 2024 ak 10èm anivèsè akademi kreyòl ayisyen an 4 desanm kap vini la kap dewoule sou tèm: "Lang kreyòl, zouti rezistans pèp ayisyen an".
    Kòdinasyon Platfòm òganizasyon peyizan 4 je kontre mande manm gouvènman yo retounen sou chwa Me. Joël Louis Joseph kòm reprezantan sektè peyizan an nan konsèy elektoral pwovizwa a akoz yo di manke transparans nan pwosesis deziyasyon sa epi mande pibliye non Me. Jaccéus Joseph kòm konseye elektoral sektè peyizan.

ความคิดเห็น •