Jounal Kreyòl Premye Okazyon || 1𝟐 Jiyè 𝟐𝟎𝟐𝟒

แชร์
ฝัง
  • เผยแพร่เมื่อ 11 ก.ค. 2024
  • 1.-Deja 2 semen depi aktivite yo paralize nan pake ak tribinal premye enstans 18 jiridiksyon peyi a akoz Grev kolektif majistra debou dayiti yo .
    COMADH ki regwoupe komise gouvenman ak sibstiti tout repiblik la,kanpe travay depi 17 jen pase a , yap reklame menm tretman ak lot majistra yo. Plizye asosyasyon tankou ANAMAH,
    APM, RENAMAH ak AJUPHA te apiye mouvman grev kolektif majistra debou yo epi mande nouvo minis jistis la ,met Carlos Hercule pou reponn ak revandikasyon majistra yo .
    2.-Oganizasyon sitwayen pou yon nouvel ayiti (OCNH) eksprime enkyetid li parapo ak grev majistra debou yo ,kap rapouswiv ,nan 18 jiridiksyon tribunal yo nan peyi a.
    OCNH ki rekonet byen fonde revandikasyon majistra yo, yon fason pou konbat inegalite nan zafe sale nan majistrati a ak pi bon kondisyon travay kwe mouvman grev majistra yo lanse nan yon konteks kote sistem jidisye a dwe mobilize pou pote repons fas ak yon seri vyolasyon grav dwa moun ,enpite ak batay kont detansyon prevantiv pwolonje a.
    3.- minis jistis la mete sou kote nan sistem nan komise gouvenman jeremi an,Marie andre Pyram akoz dives plent minister a resevwa kont komise a ,nan kad egzesis fonksyon li .
    Se sibstiti komise gouvenman Marie Gaetjens ALEXANDRE ki ranplase li pwovizwaman .
    4.- Pou akselere jefo pou reprann ekspotasyon mango fransik la nan peyi etazini ,anbasade Dennis Hankins rankontre nouvo minis agrikilti a,agwonom Vernet Joseph .
    Okazyon pou anbasade ameriken an ak minis agrikilti a te diskite sou kwasans ekonomik ak devlopman agrikol la epi mwayen pou amonize objetif 2 peyi yo .
    Ekspotasyon mango fransik ayisyen an ki entedi pou antre sou teritwa ameriken an depi mwa janvye 2023 reprezante chak ane ant 10 al 15 milyon dola ameriken pou ekonomi peyi a .
    Ekspotasyon mango fransik ayisyen an ozetazini te kanpe akoz enspekte depatman agrikilti ameriken yo pat kapab sikile nan peyi a pou al setifye mango yo kote gang ak zam yo kontwole prensipal wout nasyonal yo depi plizye lane
    Prezantasyon : Dieuseul GUERRIER & Johnny FERDINAND
    Meteyo : Chrisnette SAINT-GEORGES
    Tansyon Lari : Mackenson RÉMY 4x4
    Spo : Jacques Hans Vilfort (jako)
    Pwodiksyon : Jean-Claude DOLCÉ
    kowòdinasyon : Peterson LUXAMA
    Redaksyon : Dieuseul GUERRIER
    Reyalizasyon ak Sou Entènèt : Jack thedd Jr Dieudonne & Jimmy Cly Théagène

ความคิดเห็น • 12

  • @frantzdyemmanuel5840
    @frantzdyemmanuel5840 20 วันที่ผ่านมา

    Se pa nan tout brezil lá fé frédi nan gen vil se sél chalé ok

  • @AnelMidy-qt6mc
    @AnelMidy-qt6mc 22 วันที่ผ่านมา

    Ok

  • @frantzdyemmanuel5840
    @frantzdyemmanuel5840 20 วันที่ผ่านมา

    Bonjour map salve tout antimatéria radi a a tout òdité radio . Espesyalman manmam Aline kap koute depi Gantye

  • @AnelMidy-qt6mc
    @AnelMidy-qt6mc 22 วันที่ผ่านมา +1

    Map salye ti andre sou track saa

  • @jocelynerobin4180
    @jocelynerobin4180 22 วันที่ผ่านมา

  • @AnelMidy-qt6mc
    @AnelMidy-qt6mc 22 วันที่ผ่านมา

    Bwa kale

  • @cnldcel
    @cnldcel 22 วันที่ผ่านมา

    Ti Patner saa ap pale tankou yon moun ki kap reve
    Ou we peyi saa ap soti nan tou kotel ye ya
    Yo ta Rele Rebu, Delil, Dimanch

  • @RosekerbySirin
    @RosekerbySirin 22 วันที่ผ่านมา

    Bon kisa nou bayy mesye saa di nan radio caraïbe la

  • @dodlinecstjean7529
    @dodlinecstjean7529 22 วันที่ผ่านมา +1

    Kel ti pye sote

  • @cnldcel
    @cnldcel 22 วันที่ผ่านมา

    Patner saa paket fatra sa yo wap pale nan radio wa
    cherche konn kisa wap di a bouch ou

  • @cnldcel
    @cnldcel 22 วันที่ผ่านมา

    Ou pa gen Anyen pouw Pale Kounie ya Se de wyclef jan wap pale
    Paske e PHTK parey li ou ye

  • @cnldcel
    @cnldcel 22 วันที่ผ่านมา

    Lap Ekri nan ki Lang