Jounal Kreyòl Premye Okazyon || Madi 16 Jiyè 𝟐𝟎𝟐𝟒

แชร์
ฝัง
  • เผยแพร่เมื่อ 22 ส.ค. 2024
  • 1.-Ki dat diferan sevis yo ap reprann nan lopital jeneral ?
    Yon kesyon majorite popilasyon an ap poze men ki rete san repons piske 8 jou apre vizit premye minis Garry Conille ak konseye -prezidan Louis Gerald Gilles okenn evalyasyon poko fet nan pi gran sant ospitalye peyi a bandi ak zam te fose femen pot li pandan anviwon 4 mwa .
    Antretan lapolis poko vreman gen kontwol tout anviwonman lopital la ak zon ki sou kote li yo kote endividi ak zam kontinye ap opere . Kouman aktivite yo pral reprann nan polital la pandan sou komisarya mache salomon ak potay leyogan toujou pa gen prezans polisye .
    2.-Plizyè moun ta mouri anba bal, nan moman gwo lese frape, aye lendi a ant gang ak zam Gran Grif Savyen yo ak lapolis nasyonal la, nan zòn Pon Sonde ak Kafou Pèy, depatman Latibonit la.
    Byen bone aye lendi a manm gang ak zam Gran grif Savyen yo te tire anpil kout zam sou pòs polis Pon Sonde a, ki twouve li wout nasyonal nimewo 1 an.
    3.-Premye minis Garry Conille rankontre aye lendi a ,responsab pati politik pitit Desalin nan ,ansyen senate Jean Charles Moise .
    Rankont sa dewoule nan kad yon seri chita pale chef gouvenman tanmen sou ako 3 avril 2024 la ak gran chantey tranzisyon politik la .
    4.- Konseye-prezidan Fritz Alphonse Jean ak Leslie Voltaire rankontre direkte jeneral AGD a,Julcene Edouard ak plizye kad etablisman fen semen pase a .
    Dives pwen te nan mitan diskisyon yo tankou fason ladwan kapab ede peyi a batay kont fenomen ensekirite a ,sa ki tap ede nou genyen yon klima pezib pou envestise etranje ak ayisyen te kapab vin envesti san gwo tet chaje .
    Nan non KPT a, konseye Fritz Jean deklare fok ladwan jwe wol li nan batay kont trafik zam ak lot pwodwi toksik sitwayen yo ap manje nan tout peyi a .
    5.-Ministe edikasyon nasyonal raple diferan dat egzamen yo ap dewoule ane sa . Soti 22 pou rive 26 jiye 2024 :egzamen pou 9em ane fondamantal ak egzamen pou sant edikasyon famiyal . Soti 5 pou rive 8 out 2024 egzamen bakaloreya(segonde 4) epi soti 12 rive 30 out egzamen pou fomasyon teknik ak pwofesyonel .
    6.- 200 prizonye ki repati nan 3 selil nan prizon sivil Jakmēl la malad grav epi yon dizēn lōt deja mouri pou ane Jidisyē a akōz malnitrisyon sevē daprē kōdonatē depatmantal biwo asistans legal Sidēs la mēt Frantz Comonce.
    Responsab la ki di prizon Jakmēl la ap fē fas ak yon pwoblēm imanitē akōz pa gen manje an kalite ak kantite pou bay prizonye yo lanse apēl sekou anfavē prizonye yo.
    Prezantasyon : Dieuseul GUERRIER & Johnny FERDINAND
    Meteyo : Chrisnette SAINT-GEORGES
    Tansyon Lari : Mackenson RÉMY 4x4
    Spo : Jacques Hans Vilfort (jako)
    Pwodiksyon : Jean-Claude DOLCÉ
    kowòdinasyon : Peterson LUXAMA
    Redaksyon : Dieuseul GUERRIER
    Reyalizasyon ak Sou Entènèt : Jimmy Cly Théagène

ความคิดเห็น • 3

  • @josephdorcely884
    @josephdorcely884 หลายเดือนก่อน

    ❤❤❤ radio pam

  • @geralddelicies8359
    @geralddelicies8359 หลายเดือนก่อน

    Yo yon kon lòt. Sak pou puni. C yo ki chèf, pou yo mete kòd nan tèt yo.

  • @geralddelicies8359
    @geralddelicies8359 หลายเดือนก่อน

    John kot madam manb kokorat san ras yo t arete a?