Senyè Bondye Mwen Vle Lavi M Ka Ranpli Ak Louwanj - 22 Chan Desperans Kreyòl

แชร์
ฝัง
  • เผยแพร่เมื่อ 16 ก.ย. 2024
  • 22 Chan Desperans Kreyòl
    1.
    Senyè Bondye, mwen vle lavi m
    Ka ranpli ak louwanj,
    Nan tout sa-m ye, ak tout sa-m fè,
    Plè ou tankou lè zanj.
    2.
    Se pa sèlman louwanj lèv mwen,
    Ni sèlman louwanj kè,
    Mwen mande ou ede-m ofri.
    Louwanj ou a tout kè.
    3.
    Mwen vle louwe ou tout tan
    menm Nan bagay òdinè;
    Chak kou mwen sòti ou rantre
    Epi nan tout sa-m fè.
    4.
    Fè ke tout pati nan mwen menm;
    Kò, nanm avèk lespri,
    Kap chante louwanj ou, Senyè,
    Malgre m-fèb e piti.
    5.
    Se konsa, Seyè, mwen-menm menm,
    Va glorifye ou,
    E m-va kòmanse sou la tè
    Chan ki pou le syèl tou.
    6.
    Tout la jounen avèk lan nwit,
    Va sen, lè-m fè konsa,
    M-va gen yon kominyon pafè
    Ak ou, menm isi ba.
    Merci pou ekout la. Sonje abòne a chanel la pou w kapab jwenn tout nouvo video map mete yo. Ke Bondye beni w.
    Support the channel here:
    www.paypal.com...
    Cash App | $Elyseeblanc
    Suiv Mwen Sou:
    Facebook
    www.facebook.c...
    TikTok
    www.tiktok.com...
    #elyseeblanc #chantdesperance #adoration #hymnesetlouanges #haitian_music #levanjil

ความคิดเห็น • 48