58 Kreyol Mélodie joyeuse Chak moman Sovè mwen mennen m

แชร์
ฝัง
  • เผยแพร่เมื่อ 2 ม.ค. 2024
  • Chak moman Sovè mwen mennen m;
    Kisa mwen dwe tann ankò?
    Mwen pa janm kab doute lanmou L,
    Wi, sa vo plis pase lò.
    Lapè, syèl ak konsolasion
    Ak lafwa mwen jwenn nan Li;
    E nan tout bagay ki rive m
    Mwen toujou wè Jezi Kri. (bis 2 liy)
    2.
    Chak moman Sovè mwen mennen m;
    Souri Li klere chemen m.
    Li ban m gras pou tout eprèv mwen,
    Pen ki sòti nan Li menm.
    Malgre pye mwen souvan glise
    E nanm mwen konnen swaf tou,
    Sòti nan wòch la devan mwen
    Sous la jayi nwit kon jou. (bis 2 liy)
    3.
    Chak moman Sovè mwen mennen m,
    Kè m ranpli ak lapè li;
    Lanmou l va toujou anbrase m
    Menm nan soufrans ak dizèt;
    Lè mwen va monte nan syèl la
    Kote Jezi ap tann mwen,
    Chan sa a ma va chante toujou:
    Li va mennen m jouk lafen. (bis 2 liy)
  • เพลง

ความคิดเห็น • 11