ไม่สามารถเล่นวิดีโอนี้
ขออภัยในความไม่สะดวก

PREMYE OKAZYON 4 JUIN 2024

แชร์
ฝัง
  • เผยแพร่เมื่อ 3 มิ.ย. 2024
  • PREMYE OKAZYON 4 JUIN 2024
    1.- Prezidan konsey prezidansyel la,Edgard Leblanc Fils remet Garry Conille, kopi arete ki nonmen li ofisyelman kom premye minis tranzisyon an. Seremoni pou te remet dokiman sa bay chef gouvenman dewoule aye lendi a nan villa dakey , an prezans 8 sou 9 konsey prezidansyel yo .
    Dr Garry Conille pou kounya gen otorite pou chwazi manm kabine ministeryel la nan tet kole ak konsey prezidansyel la ,dapre Edgard Leblanc FILS .
    2.- Nan diskou sikonstans li, Dr Garry Conille ki rekonet gen ijans,pa gen tan pou pedi , pran angajman bokote konsey prezidansyel la pou livre machandiz la.
    Chef gouvenman ki konnen bagay yo pap fasil ,men rete kwe eta despri li konstate bokote konsey la ap pemet yo fe fas ak ansanm defi yo .
    3.- Antretan nou aprann premye minis Garry Conille ta deja fe chwa chef kabine li ak sekrete jeneral primati a ki kapab met Camille Edouard Junior ,ansyen minis jistis peyi a .
    Pandan yon rankont ak ekip li samdi pase a, Dr Garry Conille prezante Madelain Fils-Aime kom chef kabine li
    Madelain Fils Aime pou kounya se chef kabine direktris jeneral ONA,li te okipe menm pos sa nan kabine Joseph Lambert (2006-2008) kom prezidan sena epi chef kabine prezidan lakou kasasyon nan lane 2022 .
    4.- Prezidan konsey tranzisyon an, Edgard Leblanc FILS akonpaye konseye- Emmanuel Vertilaire resevwa nan biwo yo anbasade franse a ,nan potoprens,Fabrice Mauries .
    Okazyon pou yo te diskite sou koperasyon bilateral ant 2 repiblik la tankou sou sekirite ak lajistis .
    5.-Asosyasyon touristik dayiti (ATH) di yo boulvese swit ak vol 2 kanon nan sitadel la, youn nan 3 moniman ki gen plis vale nan pak nasyonal istorik la,ki klase parimwan mondyal .
    Pesonn pa dwe tolere zak sa ki montre gwo pwoblem nan jesyon patrimwan nou yo ,dapre ATH ki mande ISPAN pou pran mezi rapid pou ranfose sekirite nan sitadel la .
    Nan yon not li mete deyo direksyon jeneral ISPAN ki konfime gen 2 kanon ki disparet efektivman nan sitadel la fe konnen pou kounya lajistis ap tande tout anplwaye sitadel yo piske san konplisite pesonn moun patap kapab rive deplase ak 2 kanon yo .

ความคิดเห็น • 4

  • @christiangermain584
    @christiangermain584 2 หลายเดือนก่อน

    Cher compatriote bonjour et bon travail merci. Tan pri souple’ mande’ Gary Conille kite’ Lajan petro caribe’ a

  • @dodlinecstjean7529
    @dodlinecstjean7529 2 หลายเดือนก่อน +1

    Vòlê pòtoprens wi hmmmm

  • @RenelJoseph-cc9fs
    @RenelJoseph-cc9fs 2 หลายเดือนก่อน

    Hola