Harmonie de Chicago- Kitém_louwe'l

แชร์
ฝัง
  • เผยแพร่เมื่อ 19 ต.ค. 2024
  • in response to the intolerance that is creeping more and more in our society / 135602569873988
    kite'm
    solis:1
    nou pa dwe janm blye
    tout sak rive se volonte Bondye
    zwazo pa janm plante
    Poutan chak jou li jwen'n manje'l manje
    le'w nan nesesite
    An met espwa nou sou papa Bondye
    Prye'n va ekzose
    Si'n gen la fwa pou nou pe'severe
    solis:2
    Vi'n pa tap konplike
    Si nou te fe tout sa Jezi mande
    obeyi lwa Bondye
    renmen prochen nou
    jan'n renmen tet nou
    Suspan pran relijyon
    ko'm yon zouti pou'n simen divizyon
    Kelke swa kondisyon' n
    Nan la vi sa nou tout gen menm misyon
    koral:
    Mezanmi avan' n aji
    Fo'n reflechi,
    Nou pa kap di' n kretyen
    Pou nou ap viv chen manje chen
    se pa dapre' relijyon
    Ke nap gen chans antre nan syel -la
    An nou preche lunyon
    Si' n vle prezan le' denye apel la
    solis:3
    Si nou sonje le' disip yo
    te vi'n kote Jezi
    Yo tap plenyen de moun ki tap
    chase demon o non li
    reaksyon li se pat sa ke moun sa yo tap tan'n
    Li pate fache
    o lye chase yo
    L' te sipote yo
    koral:
    Kite'm louwe non Bondye
    M' gen dwa bali glwa janm vle
    solis:
    Kite'm louwe Bondye
    Kite'm fel nan jan pam
    Le'm mele se li'm rele
    Le'm kouche se lik pran kam
    Le'm tonbe se lik leve'm
    Le'm bare se lik ede'm
    Le'm chagren se lik konsole'm
    Le'm febli se lik kenbe'm
    Kite'm louwe Bondye
    Kite'm fel jan mwen vle
    Le'm pa byen se lik konnen
    Le'm bezwen se lik banmwen
    Le'm tonbe se lik leve'm
    Le'm bare se lik ede'm
    Le'm chagren lik konsole'm
    Le'm febli se lik kenbe'm
    solis:
    Oui, Oui, oui nou dwe louwe non li
    Oui, oui, oui nou dwe louwe non li
    solis:
    Ke' l te fe' bo tan
    Ke' l te fe move tan
    solis:
    Louwe, louwe, nap toujou louwe
    solis:
    Tout kote' n pase
    Tout kote Harmonie pile
    solis:
    Louwe, louwe, nap toujou louwe
    solis: Ke' l te fe bo tan
    Ke' l te fe move tan
    solis :
    Louwe, louwe, nap toujou louwe
    solis:
    Depi gran maten
    Jouska's ke soley la kouche
    koral: Louwe, louwe, nap toujou louwe
    Jean-Bernard Abraham
    harmonie.faithw...

ความคิดเห็น • 8