SOM 119, SE YON GWO PRIYÈ SE YON GWO ZAM POU KRETYEN KA DEFANN YO.

แชร์
ฝัง
  • เผยแพร่เมื่อ 5 ต.ค. 2024
  • Sòm 119 se yon gwo zam BonDye ban nou, nou men'm Kretyen pou nou ka kominike ave'l, pou nou ka defann nou kont TOUT kalite pwoblèm la vi a lage devan nou. Sòm 119 se yon GWO ZAM.
    Liv Sòm yo se liv chante ak lapriyè moun pèp Izrayèl yo. Yo toujou rele yo Sòm David. Men, pou di vre, se divès moun ki te ekri yo nan divès sitirasyon. Mwatye la dan yo se David yo di ki te ekri yo. Gen lòt se Salomon osinon Asaf ki te ekri yo. Gen lòt toujou yo pa bay moun ki te ekri yo. Men, pèp Izrayèl la jwenn yo sitelman bèl ak bon ti pawòl la dan yo, yo ranmase yo. Bout pou bout, yo fè senk ti liv ak yo pou yo ka sèvi le yap fè sèvis Bondye. Chak ti liv sa yo fini ak yon pawòl louwanj pou Bondye sèl mèt la. Se konsa yo rive mete senk liv sa yo ansan'm pou fè yon sèl gwo liv jan nou konnen’l lan.
    Gen divès kalite Sòm. Gen yen se chante pou fè louwanj Bondye paske se Bondye li ye. Genyen se lapriyè pou mande l sekou, lasistans ak delivrans. Genyen se pou mandel padon. Genyen ankò se pou di l mèsi pou benediksyon li bay. Genyen tou se se pou mande Bondye pou l pini mechan yo ak moun ki pa vle wè pep Izrayèl la, daprè kwayans jwif yo.
    Nan Tout Sòm sa yo, nou jwenn genyen se pawòl yon sèl moun k’ap di sa li santi nan fon kè li. Konsa tou genyen se tout pèp Izrayèl la yo bay lapawòl pou di sa yo bezwen ak santiman yo gen nan kè yo.
    Jezi te sèvi anpil ak Sòm yo. Se tout tan moun ki ekri liv nouvo Kontra yo ap pran pawòl nan Sòm yo mete nan koze yo. Se konsa depi nan komansman legliz la, nou we Sòm yo se yon'n nan liv Ansyen kontra a Kretyen yo pi renmen. Men, pa gen oken'n pouvwa maji nan pawòl Sòm yo. Se ede yo ede nou jwen'n jan pou di sa nou vle di lè nap lapriyè.
    Men Plan Liv Sòm Yo
    1. Premye Liv la: Sòm 1-41 (40)
    2. Dezyèm liv la: Sòm 42 (41)-72 (71)
    3. Twazyèm liv la: Sòm 73 (72)-89 (88)
    4. Katriyèm liv la: Sòm 90 (89)-106 (105)
    5. Senkyèm liv la: Sòm 107 (106)-150
    Nimewo chapit anndan parantèz yo se nimewo yo te bay kèk Sòm nan ansyen vesyon grèk ak laten kote yo te fè Sòm 9 ak Sòm 10 yo fè yonn, lèfini yo pran Sòm 147 lan yo separe l fè l fè de.
    Liv Sòm yo ou ka li ak tande yo an men'm tan sou chanèl sa a, se sèl Bible Creole Ministries ak Brother Willy ki prezante Bib la konsa sou rezo sosyal yo. Tout Glwa se pou BonDye. Renmen, Kòmante, Pataje, Abòne. Mwen mande BonDye pou l beni chak gren'n moun kap gen pou li pawol sa yo. Se pou BonDye beni’w ak tout fanmi’w.
    Brother Willy, Alatèt BCM

ความคิดเห็น • 57

  • @YberFelix
    @YberFelix 3 หลายเดือนก่อน +1

    Bondye papa mési anpil senyé paskew fém pase yon bon jounen senyé mwen mandew senyé papa fém pase yon bon nwit papa bondye souple potejem papa bondye fém dómi anbyen fém leve anbyen senyé papa espanyem ant tout sak pa bon yo granmét fém fé bon rév papa amén amén amén amén amén amén amén amén amén

  • @YberFelix
    @YberFelix 3 หลายเดือนก่อน +1

    Bondye papa me lavim nan menw papa me lavi mandanm mwen lavi manmanm lavi papam lavi frém lavi sém lavi timoun yo senyé papa poteje nou nan tout sa nap fé tout kote nap pase senyé papa amén pakite anyen mal rive nou senyé papa nou féw konfyans senyé jezi nou kwé nan ou papa nou konnenw kabab jezi papa amén amén amén amén amén amén amén amén amén amén 🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏

  • @jhonnythelusme6138
    @jhonnythelusme6138 2 หลายเดือนก่อน +1

    Di Seyè ki sou tèt tout lot seyè yo mèsi Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan se li menm sèl ki fè yon seri bagay estrewòdinè🙏🙏

  • @Derose179
    @Derose179 ปีที่แล้ว +3

    Gloire a Diue Merci jésus ✋✋❤️❤️

  • @chocofrelix2774
    @chocofrelix2774 ปีที่แล้ว +3

    Amen men

  • @EddySenat
    @EddySenat 6 หลายเดือนก่อน +1

    Merci jesus pour gras ou 😢

  • @annemenard4873
    @annemenard4873 ปีที่แล้ว +1

    Merci Seyé pou priye sa

  • @WislineDumel
    @WislineDumel 6 หลายเดือนก่อน +1

    Mèsi pou pawol u segnè

  • @michelinevilne8892
    @michelinevilne8892 9 หลายเดือนก่อน +1

    Amen merci Jesus

  • @DesousWisler-kg5qf
    @DesousWisler-kg5qf ปีที่แล้ว +1

    Mwen Lil AK ké kontan.

  • @ClotaireMerisias
    @ClotaireMerisias 6 หลายเดือนก่อน +1

    Amén amén amén

  • @srbarbaramayard3701
    @srbarbaramayard3701 ปีที่แล้ว +1

    Amen amen amen 🙏🙏🙏🙇🙇🙇🙌🙌🙌

  • @ElvilaAlmoza
    @ElvilaAlmoza หลายเดือนก่อน +1

    Oh Bondye lesoi mwe ML pou domi fèm grase 😂😂😂

  • @jeanclaudecharles9992
    @jeanclaudecharles9992 2 ปีที่แล้ว +2

    Good job mon Frère keep 💪💪💪💪

  • @WisnorOccean
    @WisnorOccean 7 หลายเดือนก่อน +1

    Bonjour,mw se fr wisnor occean,Map mande nou pou nou edem lapriè pou vi spirituel mw kapap avanse svp, bondye beni nou

  • @estherjean1257
    @estherjean1257 2 ปีที่แล้ว +1

    Amèn

  • @kethia123
    @kethia123 11 หลายเดือนก่อน +1

    Amen Amen Amen 🙏🙏🙏

  • @chelarosario3008
    @chelarosario3008 2 ปีที่แล้ว +1

    Amén👏🤚🙇🤷🙋

  • @antonylafleur5272
    @antonylafleur5272 ปีที่แล้ว +1

    Amen Amen

  • @jhonnythelusme6138
    @jhonnythelusme6138 2 หลายเดือนก่อน +1

    Amen 🙏🙏🙏

  • @OguiGaston-d2r
    @OguiGaston-d2r 11 หลายเดือนก่อน +1

    Amen

  • @yomr3800
    @yomr3800 2 ปีที่แล้ว +1

    Cristina 🙏🙏🙏🙏

  • @natividapierre8766
    @natividapierre8766 ปีที่แล้ว +1

    MERCI Seigneur Jesus Merci 🙏 🙌 ❤️ 💖 ♥️ 💕 🙏

  • @quitopierre6010
    @quitopierre6010 ปีที่แล้ว

    Amén 🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏

  • @EddySenat
    @EddySenat 6 หลายเดือนก่อน +1

    🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏

  • @kelytaniklass2548
    @kelytaniklass2548 7 หลายเดือนก่อน +1

    📕❤❤❤🙏🙏🙏💓

  • @valeriesaintimethomas2466
    @valeriesaintimethomas2466 10 หลายเดือนก่อน +1

    Amen mesi Jezu

  • @osemenejoliker7994
    @osemenejoliker7994 ปีที่แล้ว +1

    Ok

  • @HaitianoHaitiano-hu7ym
    @HaitianoHaitiano-hu7ym ปีที่แล้ว +1

    ❤❤❤

  • @jeanclaudecharles9992
    @jeanclaudecharles9992 2 ปีที่แล้ว +1

    Amén merçi mon frère

  • @MilyMily-g7q
    @MilyMily-g7q 3 หลายเดือนก่อน +1

    Bonsoir

  • @antonylafleur5272
    @antonylafleur5272 ปีที่แล้ว +1

    Amen Amen bondye beni nou koman nou ye

  • @fadlensjuazil73
    @fadlensjuazil73 5 หลายเดือนก่อน +1

    ❤❤❤❤🥰🥰

  • @estherjean1257
    @estherjean1257 2 ปีที่แล้ว +1

    Amèn🙏🙏🙏

  • @manolojohnson9083
    @manolojohnson9083 2 ปีที่แล้ว +2

    D

  • @richelenebazile1466
    @richelenebazile1466 2 ปีที่แล้ว +2

    A mèn

  • @manolojohnson9083
    @manolojohnson9083 2 ปีที่แล้ว +2

    Bkenhci

  • @kethia123
    @kethia123 11 หลายเดือนก่อน +1

    Amen Amen Amen 🙏🙏🙏

  • @pierreroseline958
    @pierreroseline958 ปีที่แล้ว +1

    Amen

  • @miltonpier7514
    @miltonpier7514 2 ปีที่แล้ว +1

    Amén 🙏🙏

  • @jeremieseymond
    @jeremieseymond ปีที่แล้ว +1

    Amen Amen Amen

  • @kethia123
    @kethia123 11 หลายเดือนก่อน +1

    Amen Amen Amen 🙏🙏🙏

  • @masterleyhaiti6157
    @masterleyhaiti6157 ปีที่แล้ว +1

    Amen amen amen

  • @bossejhetie5343
    @bossejhetie5343 ปีที่แล้ว +1

    Amen

  • @widniejules7259
    @widniejules7259 2 ปีที่แล้ว +1

    Amen

  • @chelarosario3008
    @chelarosario3008 2 ปีที่แล้ว +1

    Amen

  • @redlinedorsainvil2836
    @redlinedorsainvil2836 8 หลายเดือนก่อน +1

    Amennnn

  • @lololala1426
    @lololala1426 2 ปีที่แล้ว +1

    Amen Amen 🙏🙌

  • @lololala1426
    @lololala1426 2 ปีที่แล้ว +1

    Amen Amen 🙏🙌

  • @wednorconcilien6130
    @wednorconcilien6130 2 ปีที่แล้ว +1

    Amen

  • @frantzkyflorial8711
    @frantzkyflorial8711 2 ปีที่แล้ว

    Amén

  • @emanielajosezf8494
    @emanielajosezf8494 2 ปีที่แล้ว +1

    Amen amen amen 🙏🙏🙏🙏