21e Dimanch B | Nou Pa Gen Lot Moun Pou N Al Jwenn Sinon Jezi

แชร์
ฝัง
  • เผยแพร่เมื่อ 22 ส.ค. 2024
  • 21e Dimanch sa a, se Dimanch chwa. Nan premye Lèkti a (Jozye 24 :1-18), Jozye te mete menm reyalite sa devan Ebre yo. Li raple yo sa Granmèt la fè pou yo. Men malgré sa, li pa fòse yo. Li di yo : « Mwen menm ak tout kay mwen, nap sèvi Granmèt la. Men nou menm, nou lib pou nou chwazi Granmèt la ou pwòp wout pa nou. » Ebre yo, ki pat gen memwa kout, ki te sonje sa Granmèt la te fè pou yo, reponn : « Nap sèvi Granmèt la, e nap koute vwa Li. » Li enpòtan pou nou rete fidèl menm si, kòm moun, li pa toujou fasil pou n konprann Pawòl Jezi yo ; epoutan se yo ki fè nou viv. Sen Pyè di : « Granmèt, kilès pou n al jwenn ; se Ou sèl ki gen pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an !»

ความคิดเห็น •