Kon’n Saw Vo

แชร์
ฝัง
  • เผยแพร่เมื่อ 14 ต.ค. 2024
  • Zenglen - Happy 69th Compas
    Lavi se yon mistè
    Pyès moun paka lil kòm vèsè
    Pafwa nesesite
    Ka fèw antre nenpòt kote
    Konpetans ou telman wo nivo
    Yo betizew pou pa konn saw vo
    Yo pasew anba pye
    Pou pa janmen pèse
    Bondye bay talan
    Ak entèlijans
    Olye pou y'ankourajew
    Yo pito chèche barew
    Douvan yo saw fè pa bon
    Dèyè dow yap fè louwanj ou
    Sa ki pi mal pasew
    Se yo kap iwonizew
    Lilè li tan poun ankouraje
    Sila kap fè jefò san prejije
    Tout moun gen'w kote yo kòmanse
    Gen'w kotew rive se chwa Bondye
    Sa poum fè pou yo
    Map fè sa mwen konn fè
    Si yo pa bay respè
    Zafè a yo
    Wooo! se les hommes
    Sa pouw fè pou yo
    Sa poum fè pou yo
    Depiw toujou fè saw dwe fè
    Lanati va souri ba ou
    Ou menm kap vini
    Sa pouw fè pou yo
    Pa okipe yo
    W pa gen pou pè malgre konplo
    W'dwe toujou fyè e konn saw vo
    Sa poum fè pou yo
    Map fè sa mwen konn fè
    Si yo pa bay respè
    Zafè a yo
    Ayayayayay
    Sa pouw fè pou yo
    Sa poum fè pou yo
    Toujou rete positif
    Yon pòt fèmen yon lòt pral ouvri
    Ou menm kap vini
    Sa pouw fè pou yo
    Pa okipe yo non
    W'pa gen pou pè malgre konplo
    W'dwe toujou fyè e konn saw vo
    Bondye bay talan
    Ak entèlijans
    Olye pou y'ankourajew
    Yo pito chèche barew

ความคิดเห็น • 15

  • @StÿlëMÿClëff-e4i
    @StÿlëMÿClëff-e4i 2 หลายเดือนก่อน

    Antouka zenglen anlè anlè men’m bateau 🛥️ belle musique 💥

  • @FelixJoseph-m9d
    @FelixJoseph-m9d 2 หลายเดือนก่อน

    Red red zenglen

  • @foreverfriends8288
    @foreverfriends8288 3 หลายเดือนก่อน

    Bel misic

  • @jobdanielade5651
    @jobdanielade5651 2 หลายเดือนก่อน

    Rezilta vs 68e😂❤

  • @saloschad8120
    @saloschad8120 3 หลายเดือนก่อน +1

    Konpa sa sanble konpa zafem nan wi hmmm antouka

    • @jobdanielade5651
      @jobdanielade5651 2 หลายเดือนก่อน

      Première pati mizik la se Rezilta wi frèm

  • @johnleynord6435
    @johnleynord6435 3 หลายเดือนก่อน

    Nerboulem c p ti bout Konpa lou nn

  • @mathclassiccossier5960
    @mathclassiccossier5960 3 หลายเดือนก่อน

    Chak lè m sonje kòman Brutus gaspiye 3 dènye albòm zenglen yo m anvi kriye!😭😭😭
    Misye rete la se fè piblik lan chèche Gracia ak Réginald nan Emmy, sa lakòz piblik lan pa janm vle pran Emmy tou.

    • @YvenerOlince
      @YvenerOlince 3 หลายเดือนก่อน +1

      monchè misye adikte de Réginal ak Gracia, li Fè Wid Fè sa, lè wap tande Isimic c menm Bagay la, epi yon pakèt album gaspiye

    • @YvenerOlince
      @YvenerOlince 3 หลายเดือนก่อน

      bèl grenn mizik,Nicolina pase bèl

    • @mathclassiccossier5960
      @mathclassiccossier5960 3 หลายเดือนก่อน

      @@YvenerOlince wi frè m. Misye ap gaspiye chantè yo tou nan pratik sa.

  • @jobdanielade5651
    @jobdanielade5651 3 หลายเดือนก่อน

    Bon bgay wi sa map tande a la
    Men se pa Nicolina kap soufle la non frèm Se keybord la wi Paske van sa a trò feb

    • @mathclassiccossier5960
      @mathclassiccossier5960 3 หลายเดือนก่อน

      Se Nicolena ki mak van djaz la, menmsi se sou kibòd lan l ap fèt, li ka site non Nicolena.

    • @candylymwood3006
      @candylymwood3006 2 หลายเดือนก่อน

      Yo pa double se Tou. Van kibod pa sonnen konsa

  • @rodlesspetit9835
    @rodlesspetit9835 3 หลายเดือนก่อน

    🔥🔥🔥🔥🔥🔥