𝐄𝐧 𝐃𝐢𝐫𝐞𝐜𝐭 || 𝐏𝐫𝐞𝐦𝐲𝐞 𝐎𝐤𝐚𝐳𝐲𝐨𝐧 || 𝟎𝟕 𝐌𝐚𝐢 𝟐𝟎𝟐𝟒

แชร์
ฝัง
  • เผยแพร่เมื่อ 6 พ.ค. 2024
  • 1.- Deplwaman fos miltinasyonal peyi kenya ap dirije a pou vin tabli sekirite nan peyi a dwe komanse ateri sou sol nasyonal la apati fen mwa me a . Nan sans sa, Travay konstriksyon baz ki pral resevwa polisye ak solda yo ap rapouswiv , li twouve li pa two lwen ak ayopo entenasyonal Tousen Louvetu a .
    Yon espas ak anpil sekirite epi yon kantite materyel ki deja disponib .Yon avyon lame ameriken te rive aye lendi a , plizye lot ap gen pou debake nan jou kap vini yo ,yon pou kontinye pote tout kalte materyel ki pral ede ranfose fos sekirite yo .
    2.- Deja anviwon 2 mwa depi ayopo entenasyonal Tousen Louvetu femen apre atak bandi yo 29 fevriye pase a .
    Kontreman ak dat 9 me a , American airlines anonse lap reprann vol li yo sou ayiti 16 me pwochen.
    Jetblue bokote pal prevwa reprann vol li yo apati 15 me kap vini la . Kanta Spirit Airlines li poko anonse okenn dat pou reprann vol li yo sou ayiti .
    3.- Lapolis nasyonal dayiti mete avi pou cheche yon Santen evade prizon penitansye nasyonal , prizon sivil kwadebouke ,kabare ak podepe .
    -Plizye nan evade sa yo gen gwo akizasyon sou do yo tankou anlevman ak sekestrasyon,asasina, tantativ asasina ,vyol ak asosyasyon malfelke .
    2 ak 3 mas pase a,gang ak zam yo te mennen plizye atak planifye kont lokal 2 pi gran prizon sivil peyi a epi fasilite 4mil 600 prizonye sove .
    4.- Gaz la toujou pa two disponib nan ponp yo malgre genyen 126 kamyonn siten ki chaje nan sant stokaj petwolye wineco a .
    Teminal Varreux anonse yo livre pou yon sel jounen aye lendi a 438 mil galon diesel ak 577 mil 550 galon gazolin. Lapolis nasyonal dayiti te debloke wout ki menen nan teminal Varreux a bandi ak zam yo te bloke pandan plis pase 10 jou semen pase a .
    5.- Pati politik Rasanbleman Sosyal Demokrat pou Pwogrè Ayiti (RSD) ankouraje prezidan konsèy Prezidansyèl la, ansyen senatè Edgard Leblanc Fils, travay nan tèt kole ak lòt konseye yo pou rive rezoud kriz la.
    Prezidan RSD a, Yves Roblain mande pati politik yo pou bay konsèy la yon "peryòd de Gras" yon mannyè pou l ka rive atake pwoblèm ensekirite a epi mete popilasyon an an konfyans.
    Pati politik Rasanbleman Sosyal Demokrat pou Pwogrè Ayiti kwè, premye minis k'ap gen pou chwazi a ta dwe yon pèsonalite kredib, ki gen eksperyans nan administrasyon piblik la.
    6.- Preparasyon pou dewoulman egzamen ofisyèl yo pou ane 2023- 2024 la ap rapouswiv , selon direktè depatmantal Lwès edikasyon an, Étienne France Louisseul.
    Daprè direktè a gen posiblite pou ta gen reta parapò ak dat ki te prevwa nan kalandriye remanye a, pou dewoulman egzamen ofisyèl yo nan depatman Lwès la akoz ogmantasyon zak vyolans yo.
    Pou remedye ak sitiyasyon an, direkeksyon depatmantal Lwès la anonse yon kou ratrapaj ak plis pase mil (1000) anseyan, pou elèv nan lekòl prive kou piblik ki nan klas egzamen ofisyel yo.
    7.- Anseyan kap travay nan lekol prive yo kontinye ap fĕ presyon sou ministĕ edikasyon nasyonal sou nesesite pou akonpaye direktĕ lekol ki oblije femen pot lekol yo akoz zak vyolans bandi yo.
    Anseyan sa yo ki pa bay twop enpotans ak nouvo kalandriye egzamen otorite yo nan minister edikasyon nasyonal anonse a mande dirijan yo pito cheche rezoud pwoblem direktě ak timoun yo ki nan gwo difikilte pou retounen nan sal klas yo.
    Nap gen poun swiv yon Repotaj ak Jean georges Blaise
    𝐄𝐧 𝐃𝐢𝐫𝐞𝐜𝐭 || 𝐏𝐫𝐞𝐦𝐲𝐞 𝐎𝐤𝐚𝐳𝐲𝐨𝐧 || 𝟎𝟕 𝐌𝐚𝐢 𝟐𝟎𝟐𝟒
    Présentation: Dieuseul GUERRIER Johnny FERDINAND & Hadiany Oximable St_Fleur
    Météo: Chrisnette SAINT-GEORGES
    Tansyon Lari: Mackenson RÉMY 4x4
    Productions:Jean-Claude DOLCÉ
    Coordination: Peterson LUXAMA
    Rédaction: Dieuseul GUERRIER
    Réalisation & mise en ligne: Saint-Ange Junior & Elysé Hansley

ความคิดเห็น •