ZAKA FIM PRODUCTIONS
ZAKA FIM PRODUCTIONS
  • 138
  • 81 244
GRAN LAKOU - POUVOIR DU VERBE
Ce pays est maudit, peyi sa pa pral okenn kote, li p ap chanje; ti gason sa, w ap vòlè kanmenm; ti fi sa, ou p ap anyen nan vi w... Tout sa yo se yon seri PAWÒL ki konn soti nan bouch anpil moun, kit se nan moman kòlè, kit se nan blag, nan pale ak yon timoun oswa lè nou nan gwoup. Pawòl sa yo ke kèk fwa nou itilize pou n fe fraz, yo patisipe nan ede peyi a rive nan sitiyasyon li ye a, paske sa n ap pwononse chak jou gen pouvwa e li ka tounen yon reyalite nan vi nou ak nan kominote nou.
Emisyon sa ap envite nou fè yon tan refleksyon sou aspè sa
มุมมอง: 260

วีดีโอ

GRAN LAKOU - RELIJYON AK KILTI, PWOFÈT MACKENSON DORILLAS
มุมมอง 65528 วันที่ผ่านมา
Religion trennen dèyè l anpil eleman ki soti nan yon kilti, se pou sa yo souvan sèvi ak li pou kraze kilti yon peyi ki aksepte relijyon tabli lakay li. Nan ka yon peyi ki anba dominasyon, se eleman kiltirèl peyi sila ki souvan jwe yon wòl primòdyal nan liberasyon l; relijyon ki sot nan lòt kilti( relijyon enpòte) p ap bay rezilta peyi k ap sibi an swete. Relijyon ak Kilti se 2 konsèpt moun pa t...
GRAN LAKOU - L7, UN CRÉATEUR SUR TERRE (LOBENSON CIVILMA)
มุมมอง 3672 หลายเดือนก่อน
"An n fè yo pou yo sanble avè n"... Lobenson Civilma fè yo, ak anvi wè yo bouje yon jou. Ke w rele yo stati, ke w rele yo skilti, yo se senbòl ki raple nou yon bagay ki te pase, istwa yon moun epi yo konn tounen #patrimwàn. Nou dwe travay pou n pwoteje patrimwàn nou vin jwenn yo pou jenerasyon k ap vini ka kontinye wè yo; konsa tou, nou dwe kite zèv pou jenerasyon k ap vini yo kenbe kòm patrimw...
GRAN LAKOU - AYITI AN AGONI, ESKE L AP MOURI ?
มุมมอง 3483 หลายเดือนก่อน
Nou souvan ap pran #MISTIK pou nou bay responsab sò peyi nou. Lè se pa Djab(Dyab) la ak pakèt sakrifis li yo k ap kraze peyi a, se sèl Bondje(Bondye) ki ka retire n nan sa nou ye a; pandan ke se pa ni Djab ni Bondje k ap viv Ayiti, se noumenm #MOUN ki rele Ayisyen k ap jere ti bout tè sa. Mistik la se moun ki fè l, Bondje p ap antre zo nan chè pou fè kwakseswa pou moun, se noumenm moun ankò ki ...
GRAN LAKOU - NOU SE MOUN, NOU SE AYISYEN ANVAN RELIJYON AK PATI POLITIK
มุมมอง 2353 หลายเดือนก่อน
Chanjman ak evolisyon yon sosyete depann de chak eleman ki ladann; pou n di pi byen li depann de responsabilité chak grenn moun ki ladann. Nou pral fè yon egzèsis ansanm jodi a, konsa w va dékouvri ki gwosè travay ak responsablite ou genyen anvè sosyete a #granlakou #zakafimproductions
GRAN LAKOU - KIJAN POU PWOTEJE LESPRI W
มุมมอง 3303 หลายเดือนก่อน
Nou toujou konsantre n sou aspè fizik MOUN pou nou pale de pran swen tèt nou , pran swen kò nou, poutan se maryaj kò a, nanm lan ak lespri a ki jere egzistans moun. Se #lespri ki mennen kò, depi lespri a pa pwoteje, kò a ak nanm lan andanje. An nou swiv kòman nou ka pwoteje lespri nou pou n pa mete kò nou ak nanm nou andanje. #granlakou #zakafimproductions
GRAN LAKOU - BATBOUCH AK JAMES PIERRE, YON KANMWEZO
มุมมอง 2864 หลายเดือนก่อน
Vodou ki se yon fason pou moun viv, yon filozofi, toujou atire atansyon anpil moun nan plizyè dimansyon. Kit yo inisye kit yo pa inisye, anpil moun toujou bezwen konnen oswa konprann sa k ap pase nan vodou, oubyen chache konnen plis; se sa k fè yo souvan ap fè rechèch pou ogmante sou konnen yo epi ede lòt moun konprann kisa ki vodou. Se nan kontèks sa #GranLakou rankontre ak James Pierre ki se ...
GRAN LAKOU - MENAS SOU PATRIMWÀN NOU YO, AVÈK JEAN SERGO LOUIS
มุมมอง 3054 หลายเดือนก่อน
Patrimwàn yon peyi pèmèt li viv pase l, prezan l epi prepare avni li. Nou nan yon moman kote ampli patrimwàn peyi a pran frap yon fason dirèk oswa endirèk. Pwofesè Jean Sergo Louis ki se yon moun k ap travay nan domèn patrimwàn pase nan #Gran #Lakou pou fè yon ti batbouch sou malè ki pandye sou patrimwàn nou yo, yon sitiyasyon ki mete anpil dout sou avni yo. Ann swiv ansanm #granlakou #zakafimp...
GRAN LAKOU - KIBÒ BLOKAJ OU SOTI, BÒ KOTE PA W OSWA BÒ KOTE ESPRI YO ?
มุมมอง 9124 หลายเดือนก่อน
Anpil moun, menm nan vodou, toujou ap di Lwa anpeche yo aprann lekòl, Lwa anpeche yo fè pitit, Lwa anpeche yo gen lajan oubyen Lwa anpeche lajan ret nan men yo. Nou bouke tande koze sa yo ak anpil lòt ankò men, eske se yon verite ? Gen yon pakèt lòt moun ki nan vodou, afè yo ap mache, yo fò lekòl, yo gen biznis pandan anpil nan yo pa pran pwen; eske pwoblèm nan se Lwa? Eske Lwa nan paspouki? An...
GRAN LAKOU - ENPAK RESPÈ NAN LAVI NOU KÒM MOUN
มุมมอง 3605 หลายเดือนก่อน
Si w pa vle pase nan loubli, ak respè ou gen pou tèt ou, ou dwe aprann pi piti yo respekte pi gran, respekte #zansèt. Respekte pi gran, #respekte granmoun, se youn nan premye bagay #granmoun yo te konn aprann #timoun depi tou piti, men respè a pa rete la sèlman lè nou gade l sou plizyè lòt ang. Nou ka di mo RESPÈ a menm genyen yon chèn dèyè l ki enpòtan nan lavi yon moun, sitou nan konstriksyon...
GRAN LAKOU - PATAJE POU W PA KASE CHÈN LAVI
มุมมอง 3185 หลายเดือนก่อน
Echanj se premye pa pou rive jwenn satisfaksyon depi l fèt byen; konsa nou entwodwi lòt modèl relasyon moun devlope ak anviwònman. Emisyon jodia ap ede w konprann kòman #echanj moun ak #anviwònman ye, ki avantaj li genyen... #granlakou #zakafimproductions
GRAN LAKOU - LÈ W AP VIV YON RELASYON MOUN K AP DÒMI SOU MOUN...
มุมมอง 3775 หลายเดือนก่อน
Ki jan de relasyon moun devlope ak anviwònman l ? Emisyon sila ap gade modèl relasyon kote moun nan ap pran sèlman nan anviwònman, se resevwa li resevwa sèlman an mòd parazit. Pran tan w pou gade li, pou w ka konnen rezilta a si w nan gwoup moun k ap pran sèlman nan anviwònman an… #granlakou #zakafimproductions
GRAN LAKOU - CHEMINMAN NAN VODOU AVÈK TAÏSHA BOCO (MANBO NAWÈSA)
มุมมอง 7045 หลายเดือนก่อน
Moun pa janm ni twò piti ni twò gran pou yo kòmanse ak yon misyon sitou nan dimansyon espirityèl, depi yo jwenn apèl se paske yo pare. Menm si moun ap pale, wè pa wè, vle pa vle, sak pou fèt la ap fèt. #Taïsha Boco, 20 lane, ki pote non #manbo #Nawèsa, komanse fè cheminman nan vodou depi li te timoun se youn nan rezon ki fè li inisye trè jèn nan #vodou. Li pwofite pasaj li nan Gran Lakou pou l ...
GRAN LAKOU - CHANJE SISTÈM LAN ! VANSE PI PRE POU N GADE PI LWEN
มุมมอง 3745 หลายเดือนก่อน
Anpil moun toujou ap pale de "chanje #sistèm", men pifò nan yo pa janm pran tan pou yo reflechi, epi chache konnen kisa sa mande tout bon. Emisyon jodi a se yon refleksyon nan viwonnay de twa aspè #chanjesistèm nan peyi nou ta ka konsidere... #granlakou #zakafimproductions
GRAN LAKOU - PREPARE W, ATENN OBJEKTIF OU
มุมมอง 2646 หลายเดือนก่อน
Nan ti bat bouch sa nou pral pale de cheminman, yon konsèp yo itilizan plizyè fason, nan plizyè domèn
GRAN LAKOU - 2024 YON ANE POU W BENI
มุมมอง 1947 หลายเดือนก่อน
GRAN LAKOU - 2024 YON ANE POU W BENI
GRAN LAKOU - TI KOZRI SOU SOSYETE SEKRÈT AVÈK JEAN-YVES MARIE BLOT
มุมมอง 1.2K8 หลายเดือนก่อน
GRAN LAKOU - TI KOZRI SOU SOSYETE SEKRÈT AVÈK JEAN-YVES MARIE BLOT
GRAN LAKOU -LAVI AYISYEN, VODOUYIZAN NAN PEYI ETAZINI AVÈK MONEL JUNIOR GUSTAVE
มุมมอง 2878 หลายเดือนก่อน
GRAN LAKOU -LAVI AYISYEN, VODOUYIZAN NAN PEYI ETAZINI AVÈK MONEL JUNIOR GUSTAVE
GRAN LAKOU - WÒL AK ENPÒTANS LAKILTI NAN EKONOMI YON PEYI AVÈK CAMILLE CHALMERZ
มุมมอง 3409 หลายเดือนก่อน
GRAN LAKOU - WÒL AK ENPÒTANS LAKILTI NAN EKONOMI YON PEYI AVÈK CAMILLE CHALMERZ
GRAN LAKOU - WÒL AK ENPÒTANS KOMINIKASYON NAN YON SOSYETE AVÈK ARY REGIS
มุมมอง 4179 หลายเดือนก่อน
GRAN LAKOU - WÒL AK ENPÒTANS KOMINIKASYON NAN YON SOSYETE AVÈK ARY REGIS
GRAN LAKOU - VÈTYÈ SENBÒL VIKTWA; KIJAN NOU ESPLWATE BATAY KE SENBÒL SA ENKANE. AVÈK PIERRE BUTEAU
มุมมอง 3879 หลายเดือนก่อน
GRAN LAKOU - VÈTYÈ SENBÒL VIKTWA; KIJAN NOU ESPLWATE BATAY KE SENBÒL SA ENKANE. AVÈK PIERRE BUTEAU
GRAN LAKOU - FÈ SYANS NAN LANG AYISYEN, POSIBLITE, LIMIT AK AVANTAJ AVÈK #SONSON MATHURIN
มุมมอง 64610 หลายเดือนก่อน
GRAN LAKOU - FÈ SYANS NAN LANG AYISYEN, POSIBLITE, LIMIT AK AVANTAJ AVÈK #SONSON MATHURIN
GRAN LAKOU - BONÈL AUGUSTE, NAN OKAZYON JOUNEN LANG AYISYEN 2023 AVÈK JCI
มุมมอง 16110 หลายเดือนก่อน
GRAN LAKOU - BONÈL AUGUSTE, NAN OKAZYON JOUNEN LANG AYISYEN 2023 AVÈK JCI
GRAN LAKOU - MÈT FÈY VÈT, NAN OKAZYON JOUNEN LANG AYISYEN 2023 AVÈK JCI
มุมมอง 25910 หลายเดือนก่อน
GRAN LAKOU - MÈT FÈY VÈT, NAN OKAZYON JOUNEN LANG AYISYEN 2023 AVÈK JCI
GRAN LAKOU - LANG, KILTI AK ISTWA, AVÈK CEDRICK LAFOND
มุมมอง 66910 หลายเดือนก่อน
GRAN LAKOU - LANG, KILTI AK ISTWA, AVÈK CEDRICK LAFOND
GRAN LAKOU - KONTRIBISYON TEYAT NAN EVOLISYON KILTI AYISYEN AN, AVÈK JHON VANYAN
มุมมอง 30710 หลายเดือนก่อน
GRAN LAKOU - KONTRIBISYON TEYAT NAN EVOLISYON KILTI AYISYEN AN, AVÈK JHON VANYAN
GRAN LAKOU - WÒL AK ENPÒTANS PERYÒD MISTIK YO NAN DEVLÒPMAN KILTIRÈL AK EKONOMIK.. AVÈK BILOLO KONGO
มุมมอง 7K10 หลายเดือนก่อน
GRAN LAKOU - WÒL AK ENPÒTANS PERYÒD MISTIK YO NAN DEVLÒPMAN KILTIRÈL AK EKONOMIK.. AVÈK BILOLO KONGO
GRAN LAKOU - KITA NAGO POUSE NAN WANAMENT AVÈK MÈT FÈY VÈT
มุมมอง 1.1K11 หลายเดือนก่อน
GRAN LAKOU - KITA NAGO POUSE NAN WANAMENT AVÈK MÈT FÈY VÈT
GRAN LAKOU - GEDE, PÈSEPSYON SOSYAL AVÈK JEAN-YVES MARIE BLOT
มุมมอง 74211 หลายเดือนก่อน
GRAN LAKOU - GEDE, PÈSEPSYON SOSYAL AVÈK JEAN-YVES MARIE BLOT
GRAN LAKOU - GEDE A RIVE !
มุมมอง 29611 หลายเดือนก่อน
GRAN LAKOU - GEDE A RIVE !